AYITI/ENFRASTRIKTI/SEKIRITE: INOGIRASYON TRAVAY REYAMENAJMAN NAN KOMISARYA ANSAVO 

Nan tèt yon delegasyon direktè depatmantal polis Nip lan komisè divizyonè Frantz Mathurin, inogire jounen madi 9 mas 2021 an , travay pase men nan komisarya ansavo a .

Seremoni inogirasyon an kite fèt anprezans delege depatman nip lan Morel Esperance Berard, direktè polis nip lan nan diskou li remèsye Pwogram nasyon zini pou devlopman (PNUD) ki finanse pwojè sa, ki rive repare 2 gadavi, 2 sal benyen ak mete kouran nan komisarya.

Komisè divizyonè Frantz Mathurin ki mande ak polisye yo pou pran swen batiman an.

Sou bò pa li, delege depatman nip lan Morel Esperance Berard, fè konnen pase men nan komisarya ansavo a antre nan kad travay gouvènman ayisyen an pou ranfòse sekirite ,demokrasi ak eta dwa nan peyi Dayiti.

N ap siyale komisarya ansavo a, se nan menm lokal sa ki gen prizon sivil ansavo a ki pou jiridkisyon Miragwàn ak jiridkisyon ansavo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …