pou pi piti 25 moun mouri depi koumansman mwa fevriye pou rive mwa mas 2021 an, nan koud poud malfèktè nan 8 tyèm seksyon kominal fon rouj dayè komin jeremi.
Selon yon kout kominikasyon nan telefòn jounalis Xaragua ak Witny Lafleur , fè konnen gen 17 timoun ak 8 gran moun ki mouri nan kout poud malfèktè, epi moun yo koumanse mouri depi koumansman mwa fevriye a 2021 an.
Konfrè a, ki esplike nan kad yon rankont notab nan seksyon kominal fon rouj dayè yo te fè samdi 27 fevriye a ak Gangan malfèktè yo te fè konnen se yon poud ki flite ki lakoz tout mò sa yo.
Pozel kesyon Kisa gangan yo AP fè pou rezoud pwoblèm sa ? Jounalis Witny Lafleur, deklare selon enfòmasyon li genyen gangan yo pat bay okenn repons pou ta kanpe machin lanmò a.
konfrè a ki fè konnen moun nan 8 tyèm seksyon fon rouj dayè, mande ak otorite nan ministè kil peyi Dayiti yo pou kouri vini pou mete fren nan gangan malfèktè sa yo k ap fè moun abi nan 8 tyèm seksyon kominal fon rouj dayè komin jeremi .
Dieuva Occidor
Kredi foto:piterest