AYITI/RIMÈ: YON KOMISÈ POLIS NAN PEYI BAYAMAS METE OLA NAN YON RIMÈ KI TAP KOURI NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Komisè wayal Bayamas polis la, Paul Rolle mete yon bout nan rimè ki tap kouri nan lakou peyi Dayiti sou arestasyon prezime asasen Jhon Joel Joseph, nan peyi Bayamas.

Komisè polis la, nan yon twit fè konnen se pa vre, yo pa arete Jhon Joel Joseph jan bri a ap kouri a nan peyi Dayiti a.

Nap raple rimè sa vini tou swit apre otorite dominikèn yo fin mete anba kòd Roodolphe Jaar, ki li menm tou akize nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …