AYITI/ZEN: MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE KASE YON LÒT FWA PLIZYÈ BIWO NAN PALÈ JISTIS PÒTOPRENS.

Nan lannwit madi 10 pou rive mèkredi 11 me 2022 a, moun yo pa rive idantifye kase yon lòt fwa ankò plizyè biwo nan palè jistis Pòtoprens.

Biwo jij Jean Wilner Morin, Ramoncite Accimé, Aniel Fignole, Ikenson Edumé ki li menm konfime enfòmasyon an se kèk nan biwo ke moun yo pa rive idantifye yo kase. Selon enfòmasyon yo, dosye ki gen rapò ak ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moise epi mèt Dorval yo an sekirite.

 

kredi foto: Toujours positif

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …