ETAZINI/KOVID19: KOWONAVIRIS LA METE MEN NAN PAT KASAV PREZIDAN AMERIKEN AN DONALD TRUMP.

Kowonaviris la mete men nan pat kasav prezidan ameriken an Donald Trump ak tout madanm li, yon nouvèl ki tonbe tankou yon bonm nan lannwit jedi 1e oktòb la pou rive jounen vandredi 2 oktòb 2020 an.

Yon enfòmasyon ke prezidan ameriken an Donald Trump ta pral konfime nan yon twit kote li anonse sa, li fè konnen nan twit sa “Aswè a mwen menm ak madanm mwen Melania Trump nou gen kowonaviris.”li declare tou ke yo deja mete tèt yo an karantèn.

Prezidan ameriken an Donald Trump ki nan kanpay epi ki te toujou  neglije pandemi an oblije kanpe tout aktivite.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …