_Sergio aguero, foutbolè Ajanten ki ap jwe nan foutbòl klèb Barcelone, kapab mete fen nan karyè li akoz yon pwoblèm kadyak. Daprè « Catalunya Radio » ka Sergio Aguero ta pi grav pase sa moun te panse._
Medsen ki sou dosye Ajanten an ta deja mande li pou li mete yon bout nan karyè foutbolè pwofesyonèl li. Ranplase nan match kont Alaves la (1-1) akoz yon pwoblèm nan pwatrin, ansyen atakan Manchester City a soufri « Arythmie Cardiaque ».
Selon « Catalunya Radio », medsen Sergio Aguero ta enfòme li pwoblèm kadyak li a pi grav pase sa toujou e ta menm konseye jwè Ajanten an pou li ta mete fen nan karyè li.
Dènye egzamen Sergio Aguero pase a pa ditou rasiran e pa konpatib ak foutbòl wo nivo a, daprè « Catalunya Radio ».
Nou ap raple, depi lè Aguero rive nan vil Katalòy la li jwe senk ( 5) match ak foutbòl klèb Barcelone.