IJAN: KANADA MANDE RESÒTISAN LI YO POU YO POU KITE PEYI DAYITI

_Nan yon piblikasyon konsèy gouvènman Kanada adrese ak kanadyen ki ap viv epi vwayaje nan peyi etranje, otorite kanadyen yo mande resòtisan yo kote prezans yo pa esansyèl an Ayiti pou yo kite peyi a akoz pwoblèm gaz la ki kapab anenpòt kilè lakoz gwo deblozay an Ayiti_ .

« Si w an Ayiti men prezans ou pa esansyèl, li preferab pou w kite peyi a si w kapab fè sa an tout sekirite », ekri gouvènman kanadyen ak resòtisan li yo ki an Ayiti.

Daprè otorite kanadyen yo, sityasyon ensekirite Ayiti ap fè fas la kapab dejenere nenpòt kilè osnon nenpòt moman. Pi plwen, daprè konsèy gouvènman an, pwoblèm gaz la ka lakoz yon pakèt sèvis esansyèl pa ka fonksyone nan peyi a, patiklyèman lopital.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …