IJAN: PEYI ETAZINI MANDE RESÒTISAN LI YO KI AN AYITI POU YO KITE PEYI A PI RAPID VIT

_Nan yon alèt sekirite anbasad peyi Etazini ki nan Pòtoprens pibliye mèkredi 10 novanm 2021, yo mande pou sitwayen ameriken an Ayiti pou kite peyi a pi rapid posib akoz nivo ensekirite a k ap moute chak jou pi plis._

Etazini pa vle resòtisan li yo rete an Ayiti. Sekretè Deta ameriken an mande pou sitwayen ameriken yo planifye depa yo pou kite Ayiti pi rapid posib gras ak yon pakèt vòl komèsyal k ap aladispozisyon yo.

« Sitwayen ameriken yo dwe egzamine risk pou yo vwayaje osnon rete an Ayiti parapò ak sityasyon ensekirite e pwoblèm enfrastrikti ki genyen ki genyen an Ayiti », daprè depatman Deta.

« Pwoblèm gaz la limite yon pakèt sèvis esansyèl sizanka ta gen yon ijans, patiklyèman aksè ak bank yo; transfè lajan; swen sante an ijans; entenèt ak telekominikasyon, men tou opsyon pou transpò piblik ak prive », fè kwè depatman Deta ki, pi douvan, ajoute « peyi Etazini ka pa an mezi pou l ede sitwayen ameriken yo ki an Ayiti yo kite peyi a si vòl opsyon komèsyal yo pa disponib. Gen plas nan vòl komèsyal yo ki rete disponib ».

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …