_Depi apre anons divòs Shabba, ansyen mizisyen djakout la ak madanm li Diane Claude Anténor, gen yon bal zenglen te jwe nan lane 1998-1999 nan djamboula kote Gracia Delva, chantè zenglen nan epòk sa tap di : » madan Shabba, Surveillez-vous » ki retounen ap fè anpil tole sou entenèt la. Apre …
Li Plis »AYITI/KILTI: »PWOMÈT MWEN » YON NOUVO MIZIK KADILAK AK BEDJINE AP SEKWE REZO SOSYO YO
Kadilak ak Bedjine pa chome, yo kontinye ap travay pou fè plis siksè nan mond mizikal la, « pwomèt mwen » se nouvo mizik de (2) atis sa yo nou dekouvri samdi 4 desanm 2021 an sou rezo yo sosyo yo ki ap fè anpil aktyalite. Entènot yo akeyi mizik sa ak …
Li Plis »AYITI/ ESTA: SHABBA ANONSE DIVÒS LI AK MADANM LI
_Shabba ki gen pou bon Hervé Anténor anonse li ap fè yon kraze kite sa nan relasyon li te gen ak madanm li Diane Claude Anténor. Nan yon nòt li fè soti, ansyen mizisyen djakout #1 la pa site rezon ki lakoz li ap pran desizyon sa._ Chantè ak mizisyen …
Li Plis »LEMOND/ESTA: CHANTEZ RIHANNA, EWOYIN NASYONAL NAN PEYI BABAB.
_Gen de (2) evenman ki pase nan peyi Babad dènye jou sa yo. Yo pase de yon rèn ak yon chèf Leta ki se Sandra Mason e yo gen yon ewoyin nasyonal ki se chantez- antreprenè Rihanna._ Alòske peyi Babad pran distans li avèk kouwòn Britanik la kote yo pran …
Li Plis »LEMONN/SINEMA: VIN DIESEL FÈ YON DEMANN AK DWAYNE JOHNSON POU DÈNYE FRANCHIZ « FAST AND FURIOUS » LA
_Vin Diesel ak Dwayne Johnson fache depi plizyè lane. Malgre sa, aktè ki entèpret Dominic Torreto a voye yon mesaj sou enstagram bay » The Rock » pou li mande li pou li bliye sa ki te pase yo pou li patisipe nan dènye » Fast and Furious » la._ Vin Diesel vle fè …
Li Plis »ETAZINI/AKSIDAN: ROODY ROODBOY FÈ AKSIDAN NAN PEYI ETAZINI
Atis ayisyen an, Roody Roodboy fè yon aksidan sikilasyon samdi 30 oktòb 2021 an nan peyi Etazini, nan vil Olando. Chantè « m pa kyè » a soti blese nan aksidan sa, men eta sante li estab._ Roody Roodboy te sot jwe yon bal nan Olando nan moman li te fè aksidan …
Li Plis »AYITI/DEY/ESTA: YON CHANTÈ- KONPOZITÈ AYISYEN MOURI NAN PEYI ETAZINI.
Rodrigue Milien, chantè e konpozitè ayisyen mouri jounen samdi 25 sektanm 2021 an ak 75 lane sou tèt li nan peyi Etazini, patiklyèman nan Florid. Sektè mizikal ayisyen an pèdi yon lòt lejann ankò. Apre chantè Sore e mayestwo Douby fin fè vwèl pou peyi san chapo, se chantè-konpozitè ayisyen …
Li Plis »AYITI/KILTI: MINISTÈ KILTI AK KOMINIKASYON VOYE FLÈ POU PÈFÒMANS EROL JOSUÉ NAN LINCOLN CENTER A NAN NEW YORK.
_Nan yon nòt ministè kilti ak kominikasyon fè soti jounen lendi 13 sektanm 2021 an, li voye flè pou kalte prestasyon Erol Josué bay nan Lincoln Center a ki chita kòl nan peyi Etazini, patiklyèman nan vil New York._ « Ministè kilti ak kominikasyon salye avèk antouzias pèfòmans konpatriyòt nou, atis …
Li Plis »KOVID-19 : ISNARD DOUBY, CHANTÈ E MAYESTWO GWOUP SYSTEM BAND NAN, RANN DÈNYE SOUF LI NAN PEYI ETAZINI.
_Isnard Douby, mayestwo-chantè e konpozitè gwoup mizikal System Band lan mouri jounen jedi 9 septanm 2021 an nan peyi Etazini, patiklyèman nan Miami (Floride)._ Mizik ayisyen an pèdi yon lòt lejann ankò. Apre chantè Sore vin fè vwèl pou peyi san chapo, se mayestwo-chantè System Band, Isnard Douby ki rann …
Li Plis »AYITI/KILTI:YON LEJANN NAN MIZIK AYISYÈN NAN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
Sektè mizikal ayisyen an an dèy, patiklyèman òkes Septentrionale. Yvenel Étienne kite nou ; li fè vwèl pou peyi san chapo nan lannuit madi 7 pou rive mèkredi 8 septanm 2021 an nan lopital sakre kè nan Milo. Yvenel Étienne (SORÉ) mouri ak 52 lane sou tèt li, se …
Li Plis »