Peyi Lafrans pèdi ansyen prezidan ki te dirije nasyon an nan lane 1974 nan pandemi kowonaviris lan nan lannwit mèkredi 2 desanm 2020 .
Ansyen chèf leta Valéry Giscard d’Estaing mouri a 94 lane lakay Authon nan Loir-et-Cher epi li te antoure ak fanmi li pandan lap rann dènye souf li selon AFP.
Ansyen prezidan te lopital Georges-Pompidou nan kapital peyi Lafrans nan mitan mwa septanm pou yon senp enfeksyon nan poumon.
Nan menm lopital Valèry Giscard Estaing gen plizyè ane lap swiv ladann pou pwoblèm kè men nan lannnwit 2 desanm nan li mouri nan pandemi kowonaviris lakay li.
Angeline Michel
Kredi foto:le soir