LEMOND/KRIM:POU PI PITI YON MOUN MOURI AK 2 LÒT BLESE NAN KAPITAL PEYI AFGANISTAN

Byen bonè samdi 12 desanm 2020 an Pou pi piti yon moun mouri ak 2 blese nan plizyè rokèt ki te tire nan Kaboul peyi Afganistan daprè minis  enteryè a.Kapital Afganistan sibi dezyènm  atak sa nan pi piti ke yon mwa.

Pòt pawòl ministè Tariq Arian fè konnen 10 rokèt te tire nan byen bonè nan katye Labe Jar nan Kaboul epi te gen 3 pwojektil ki te ateri touprè ayewopò Kaboul lan ak 5 lòt nan rezidansyèl kapital la.

Pòt pawòl polis lan Ferdaws Faramars ajoute ke rokèt yo rive frape lès kapital peyi Afganistan.

Angeline Michel

Kredi foto:monde

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …