Magareth Fortuné « : Gen anpil fanm ki lite pou jounen 8 Mas la egziste; genyen ki pèdi lavi yo pou li »

Nan okazyon 110zyèm anivèsè jounen entènasyonal dwa fanm lan, direktris lotri nasyonal la, Margareth fortuné, te pwofite envite laprès nan lide pou li te pale sou koze 8 mas la.  » Sa vin yon tradisyon, yon devwa sakre chak 8 Mas pou nou chita ak medya yo pou nou voye yon mesaj sakre, solidarite, rekonfò, lespwa bay tout fanm nan monn lan, espesyalman fanm Ayisyen yo », se sa Margaret fortuné deklare.

Responsab lotri a raple batay fanm yo mennen pou 8 mas la rive kote l rive a. « Chapo ba pou kouraj nou medam fanm peyi m yo », se sa li raple nan mikwo laprès.

 » Batay la poko fini », se sa li di pi ba. Li te pwofite tou pou li pale sou kèk difikilte li rankontre nan bwat Leta kote l ap travay la jis paske l fanm.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …