Echèk komite kanaval la nan dezyèm jou gra a

Enfo naval: Anpil atis ak fanatik fache e fristre pou dezyèm jou gra a akoz gwo problèm logistik ki te poze nan defile cha yo. komite a mete yon lis deyò kite gen 20 cha ladann e yo te nan lòd kote Djakout # 1 te dwe ouvè defile a e gwoup king posse te dwe fèmenl. Yon lis ki pat rive respekte e ki te lakoz anpil voye pye bò kote atis ak fanatik ki tap tann gwoup yo. Apre defile bann a pye yo ki te fini bò 6:35 pou zòn bò palè. kanavalye ak kanavalyè yo te oblije tann 8:23PM pou te resevwa premye cha a ki te Mass konpa, Mass konpa yon gwoup ki te an katòzyèm pozisyon nan lis ki te programe a, yon cha ki te pase tout an kouri, apre nou ta pral tann 10h pou djakout#1 te pile bò palè, tou swit apre nou vin jwenn gwoup Ram ak gwoup Kay, Kreyol la,Kazino malerezman ki te pase tou an pann, Enposib ki pat twò ridikil, chalè epi Roody Roodboy kite oblije pran plis ke 30 minit kanpe bò palè pou te evite kakofoni akoz cha yo te twò kole, tou swit apre Sweet Micky, Kay, gwoup sa te konn yon move moman nan zòn Granri kote fanatik gwoup Brothers posse te voye dlo ak woch sou cha sa, lid vokal gwoup la Michael Guirand te tou profite voye yon mesaj bay komite a ak moun ki te atake cha li an, atis lan fè konnen li pa nan politik se nan kanaval li vini se chili li soti, apre ou te vin jwenn Boukman ki tap kritike menm pwoblèm yo, manzè fè konnen se vòlò kap rele dè vòlò, kanaval la twò politize, atis la te tou profite denonse pati politik yo li di kap kraze peyi a, apre Boukman te vin gen barikad crew epi Rockfam lamea ke komite ta pral bloke bò palè, atis Rockfam yo ki te an katriyèm pozisyon te vin trouve yo an katozyèm pozisyon nan defile a, atis yo pat met dlo nan bouch yo ak tout fanatik yo pou te denonse abi ke yo jije komite a fè yo, fanatik yo te tou pwofite manifeste kolè yo kont komite a ak lapolis ki te anpeche cha yo jwe. Sweet Micky ak Roody Roodboy ki te gen anpil pale anpil pou yo pat soti nan pakou a se yo ki gen plis atant nan pakou a, kesyon anpil moun ap poze kijan komite pral jere twazyèm jou gra a ak tout fristasyon sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …