Cercle la denonse enperyalis meriken nan tèt kole ak politisyen tradisyonèl ki trennen peyi a nan katchouboumbe li ye jounen jodi a malgre jefò papa Dessalines te fè pou tout moun ka viv tankou moun.
Cercle Gregory Saint-Hilaire(CGSH) mande pou bon jan desizyon ekonomik,politik ak sosyal pran pou pèmèt tout moun viv tankou moun andedan peyi a.
Se yon nòt ki pote divès siyati manm fondatè Cercle Grégory Saint-Hilaire(CGSH) tankou :Peguy Noël,Jean- Ronald OLYCÉ ak Dann Gorver Noncent.
Nap raple estrikti sila a te kreye nan kontèx sasinay Gregory Saint St-Hilaire andedan Lekòl Nòmal Siperyè nan dat 2 oktòb 2024 la nan lide pou kontinye goumen kont sistèm peze souse a.