AYITI/EDIKASYON: ELÈV LISE NAN SENMAK WONFLE YON DIREKTÈ LEKÒL PRIVE ANBA BATON.

Nan zòn bèten nan do komisarya Senmak la direktè prive Archimède la pran baton poul pa chape nan men plizyè elèv lise pou jounen Mèkredi 19 Dawout 2020 an nan operasyon lage tout lekòl prive yo nan vil Senmak.

Mouvman sa elèv lise yo ap fè a se nan kad revandikasyon y ap fè pou met presyon sou leta pou yo kapab jwenn bon jan pwofesè nan sal klas yo, mouvman sa gentan gen plizyè jou depi y ap fèt nan site Nissage SAGET a.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …