AYITI/PNH: YON TWAZYÈM SENDIKA PRAN NESANS NAN POLIS NASYONAL PEYI DAYITI A.

Yon seremoni fèt nan vil Taba jounen mèkredi 19 Dawout 2020 an pou prezante manb responsab yon twazyèm sendika nan lapolis nasyonal la (SYNAPOHA) kote yo fè konnen yo pral travay pou fè respekte dwa polisye e pou yo gen yon pi bon kondisyon travay pandan yap pwoteje enstitisyon an.

Nan lis sa nou jwenn Barthelemy VOLMONT kòdonatè jeneral, Glozy THELAY kòdonatè adjwen ak tout sekretè kap gen pou pote revandikasyon chak ajan polisye bay otorite nan piwo niwo yo.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …