AYITI/EKONOMI : DE (2) ANTREPRIZ DOMINIKEN RETIRE TÈT YO NAN AKIZAYON GASPIYAJ LAJAN PETWOKARIBEA.

Constructora Rofi avèk Engineering Estrella se non de (2) antrepriz Dominiken sa yo ke kou siperyè dè kont ak kontansye administratif site nan trwazyèm piblikasyon sou gagotaj lajan fon petwo karibe sitou nan siyen kontra ilegal avèk gouvènman pase yo.

Tou de (2) antrepriz sa yo voye jete byen lwen akizasyon sa yo, yo fè konnen tout kontra yo te siyen avèk leta Ayisyen te respekte tout nòm e 80 % nan travay sa yo prèske fini kote se rès lajan leta dwe yo ki fè yo pako fini ak tout travay yo.

Félix BAUTISTA senatè dominiken fè konnen leta dwel senkant milyon (50 milyon) dola ameriken li fè konnen toujou li pa gen pwoblèm avèk ankèt otorite jidisyè yo ap mennen yo men jan yo fèl dèyè do yo a fè yo regrèt desizyon final yo, sou 14 konstriksyon yo te gen pou yo fè se youn sèlman ki pako fini ki se “villa d’accueil” anplis de sa li te mande avèk ministè finans, ministè planifikasyon ak kouperasyon epi inite konstriksyon batiman ak lojman (UCLBP) 11 korespondans nan lane 2014 li pa janm jwenn repons.

Bò kote pa Estrella yo di yo pa sibi okenn presyon nan men leta Ayisyen yo kwè tou nan relasyon zanmitay sa yo genyen pou kontinye reyalize gwo envestisman nan peyi Ayiti, yo presize tou ke tout chantye pa yo fini e yo menm an fonksyon.

Sa ki deja yon gwo lit ant otorite jidisyè yo avèk de (2) antrepriz Dominiken sa yo ki gentan demake akizasyon yo nan gagote lajan devlopman peyi a fon petwo karibe a.

 

Otè : Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …