AYITI/JISTIS: POLISYE JEAN PASCAL ALEXANDRE  JWENN LIBERASYON LI APRE FRЀ ZAM LI YO (FANTOM 509) TANTE PLIZYЀ MOUVMAN.

Polisye jean Pascal Alexandre jwenn liberasyon li jounen vandredi 25 septanm 2020 an apre plizyè mouvman frè zam li yo ki nan gwoup 509 te fè nan kapital peyi Dayiti kote plizyè machine leta boule ak plizyè biwo leta atake.

Polisye a ki te fèmen dèyè kat (4) miray depi mwa me 2019 akoz plizyè akizasyon ki te sou do li tankou asasina, ensandi kriminèl, detwi byen leta pou site sa yo te prezante jounen vandredi devan jij enstriktè li Rénor Réjis, li te gen avèk li kèk manm nan SPNH la, avoka li yo mèt Andre Michel ak AXENE Dieujuste epi pizyè nan fantom 509 yo ki te prezan nan dives kwen.

Polisye a pat pran tan pou jij lan te li rantre lakay li, apre liberasyon sa plizyè pwòch li te kontan e pran lari pou selebre viktwa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …