AYITI/ENSEKIRITE: YON ENSPEKTЀ POLIS TONBE ANBA BAL BANDI NAN ZÒN FONTAMARA, CHRIST LA REYAJI.

Enspekè polis Angelo Verrier tonbe anba bal bandi jounen madi 6 oktòb 2020 an nan zòn Fontamara 43 pandan li tap rantre nan kapital la epi yon lòt moun ki te sou moto tonbe anba bal.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn de yon moun nan zòn nan ki pat vle non li site moun ki mouri sou moto a ta bandi ki ta touye enspektè a, mesye ti bwa yo ke Christ la ap dirije ta reyaji kote yo touye bandi a epi pran zam enspektè a nan men li pote nan komisarya a. Enspektè Angelo Verrier te responsab operasyon nan komisarya Kafou a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …