AYITI/SIKILASYON: INOHA DENONSE  JAN TRANSPÒ AP FЀT NAN PEYI A EPI MANDE POU GENYON GWO PASE MEN.

Nan yon nòt pou laprès INOHA ki se ‘’Institut national d’observation d’Haiti’’ nan lang franse denonse jan transpò a ap fèt nan lakou peyi Dayiti epi mande pou genyon modènizasyon total  nan sektè a.

INOHA denonse move tretman pasajè yo nan machine yo,kote moun yo pil sou pil nan machine yo,san konte kèk machine kap pote moun an menm tan yap pote pil sak e menm genyen ki pote bèt, responsab òganizasyon sila denonse leta ki pa voye je gade kijan transpò a nan peyi a, pa gen pwen fiks ki pou kontwole jan machine yo foul eta machine yo ap sikile .

Pou sa INOHA mande pou genyon modènizasyon nan transpò a sa kap pèmèt moun yo vwayaje byen, lap redui konfli ant pasajè yo ak chofè yo e lap menm envite yon seri aksidan. Moun ki siyen nòt sila se Gamanuel Brutus epi Jean Daniel Laurore. Pou tout kontak ak yo tape: 3745-1224.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …