AYITI/SANTE: PEYI DAYITI SOU YON GWO MENAS EPIDEMI PANDAN OPOZISYON AN AP GOUMEN AK GOUVЀNMAN AN POU POUVWA.

Yon gwo epidemi gratèl frape pòt peyi Dayiti nan plizyè komin tankou Kafou,Tigwav, Lewogàn pou site sa yo selon enfòmasyon yo ke yo ta gentan jwenn anpil ka.

Epidemi sila ki parèt  trè frajil epi ki trè atrapan kòmanse fè anpil viktim nan mitan popilasyon an nan yon moman kote yon opozisyon ap goumen pou tranzisyon  epi yon gouvènman ap goumen pou li kenbe pouvwa a.

Gratèl sila ki poko genyon etid de ki sa ki ta bay li pandan yon pandemi kowona ap taye banda, yon kidnapin ak yon ensekirite politik, sa vin mete popilasyon an ki pa gen okenn moun kap panse pou yo, sou gwo tansyon.

Moun ki deja pran gratèl yo akize dlo yap sèvi a ke yo jije ki pa pwòp, plis moun ki gentan frape nan epidemi sa se timoun e menm gentan genyen ki mouri akoz yo pa jwenn swen, moun kap viv nan seksyon ki pi rekile yo se pi gwo viktim nan epidemi sa akoz y opa gen aksè ak yon seri sèvis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …