AYITI/TANSYON: AK KЀK JOU 7 FEVRIYE 2021 AN, PEYI A PARЀT FRAJIL POU MOUN KAP PRAN LARI A.

Ak kèk jou pou 7 fevriye 2021 an ki gen anpil pale anpil sou li ant opozisyon an, patizan pouvwa epi gouvènman an sou kesyon fen manda prezidan repiblik la Jovenel Moise peyi a parèt trè frajil pou popilasyon an ki te deja ap konnen yo moman nwa.

Apre zak ensekirite yo, kidnapin nan kap vale teren san kanpe nan dènye jou yo, popilasyon ap konnen yon moman konplike kote tout pwodui premye nesesite yo gentan moute, yo pa ka jwenn dola, yo pa ka jwenn gaz nan ponp yo, anpil lekòl oblije fèmen pòt yo, kowonaviris la ap pran vitès, yon maladi gratèl ap fè ravaj, pa gen sant sante, blakawout la menm anvayi yon bon pati nan peyi a san pou site sa yo.

Nan mitan jounen jedi 28 janvye 2021 an popilasyon an ta pral genyon mache prese apre bri lanmò yon sèten ti Junior ki ta pwòch vrè ti Junior ki se chef bandi zòn Lasalin epi manm G9 ki gen slogan manyen youn manyen tout, anpil katouch ta pral tire nan tout kwen ki gen alye G9 yo tankou Lasalin, Pòtay, Matisan, ba Dèlma, Site Solèy pou site sa yo epi barikad pou bay yon replik ak swadizan lanmò ti Junior sa.

Byen bone maten vandredi 29 janvye 2021 an se menm konsta a anpil katouch kèk barikad deja mete, plizyèinite nan kò espesyalize yo nan lapolis la deja mobilize pou ta anpeche mouvman G9 la pran plis elan, popilasyon an bò kote pa yo poko konn ki kote pou yo mete pye yo. Yon lòt etap nan lanfè pèp la. Militan opozisyon an bò kote pa yo ap moblize pou yo menm ka pran beton an sou lòd lidè yo.

Kijan sa pral ye nan pwochen jou yo?

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …