Bandi yo pa idantifye touye Pierre Jacques Matilus nan lannwit mèkredi 3 fevriye 2021 an nan blòk Dèlma 40 B tou pre biznis li.
Selon enfòmasyon yo bandi yo tap tante kidnape ansyen konsilè a ki li menm tap fè rezistans pou li pa moute machin nan e la kidnapè yo ouvri katouch sou li epi al fè wout yo san kè sote. Pierre Jacques Matilus se yon ansyen konsilè peyi Dayiti nan peyi repiblik Dominikèn e li se mèt yon ti makèt ki sou Dèlma a.