AYITI/ENSEKIRITE: YON ANSYEN KONSIL AN CHЀF EPI CHЀF PÒS KONSILA PEYI DAYITI NAN PEYI REPIBLIK DOMINIKЀN TONBE ANBA BAL BANDI

Bandi yo pa idantifye touye Pierre Jacques Matilus nan lannwit mèkredi 3 fevriye 2021 an nan blòk Dèlma 40 B tou pre biznis li.

Selon enfòmasyon yo bandi yo tap tante kidnape ansyen konsilè a ki li menm tap fè rezistans pou li pa moute machin nan e la kidnapè yo ouvri katouch sou li epi al fè wout yo san kè sote. Pierre Jacques Matilus se yon ansyen konsilè peyi Dayiti nan peyi repiblik Dominikèn e li se mèt yon ti makèt ki sou Dèlma a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …