AYITI/HMI/ZEN: GWO BOUCH LOUVRI METE PYE ANT CAREL PEDRE AK ROBERTO MARTINO

Lane 2022 a sanble p ap diferan de lane 2021 an nan zafè zen ki ap plede brase bil endistri mizik ayisyen an. Nan yon twit li fè, Carel Perdre mande Roberto Martino, lid vokal T-Vice, pou li poste yon videyo kote fanatik li yo ap chante mizik li yo sou dènye albòm Majistic la. Parapò ak sa, chantè T Vice la trete animatè a de ti visye ak mandyan.

Daprè anpil melonàn ayisyen, gen plis zen nan endistri mizik ayisyen an pase bon mizik. Lè se pa zen chantè anfas chantè se zen animatè anfas chantè. « Ou wè si ou poste yon videyo konsa kote w ap fè moun chante mizik ou m ap fè menm kòmantè a », ekri ansyen prezantatè Digicel stars la ki te fè referans ak yon videyo Richard Cavé ki t ap fè fanatik li chante mizik li.

Kòmantè sa leve plim sou do Roberto Martino ki voye animatè a anlè san li pa atrap li. « Ti lach. Ti voye wòch kache men. Biznis la konnen w. Job ou t ap fè a li aklè jodi a. 2022 pa 2021. M sou sa e m ap ekspoze w kòm ti visye ti mandyan », reyaji chantè T Vice la.

Toutfwa, nan sa ki gen pou wè ak mizik ki ap fè it nan moman an; mizik ki rive sou moun san se pa moun ki al chache yo pa gen mizik T-Vice ladann, daprè konsta anpil moun.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …