LEMOND/ATAK: POU PI PITI 11 MOUN MOURI NAN YON OTÈL AK 2 BA NANPEYI MEKSIK

Yon gwoup kriminel touye pou pi piti 11 moun nan yon atak ki fèt nan yon otèl ak 2 Ba nan peyi Meksik bò 3è GMT nan jounen Madi 24 me 2022 an.

Uit (8) fanm ak twa gason asasine epi 2 lòt moun blese ak bal nan vil Celaya ,nan sant Meksik daprè sekretarya sekirite peyi a se ta yon gwoup kriminel ki fè aksyon an.

Atak sa a te lanse lendi an nan yon zòn trafik dwòg nan Celaya nan Eta Guanajuato selon otoririte yo.

Nou ap raple nan yon premye tan otorite yo te fè konnen gen 10 moun ki mouri nan atak la men sepandan yo tap mennen viktim yo lopital yon lòt fanm mouri nan wout daprè infòmasyon pakèt an.

Daprè temwen yo plizyè moun ak zam te antre andann otèl la ak ba yo epi tire sou moun yo aprè yo vide gaz pou yo ka mete dife nan espas la.

Kredi foto:capital

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …