AYITI/POLITIK: PATI RASANBLE KOUPE FACHE AK AKÒ 11 SEPTANM NAN.

Pòt pawòl pati « Rasanble » a, Alexandre Jean Rony deklare nan mikwo Echojounal nan mitan jounen vandredi 5 out 2022 a ke « Rasanble » fè yon kraze kite sa nan akò yo te siyen ak premye minis defakto a, Ariel Henry.

Pati a pran desizyon sa paske li wè bagay yo vin pi konplike pou pèp ayisyen an, ensekirite, lavi chè, pa gen okenn volonte pou etabli yon stabilite pou eleksyon kapab òganize anndan peyi a pou genyon gouvènman lejitim selon sa pòt pawòl pati fè konnen.

Jean Rony Alexandre ale pi lwen pou li fè konnen ke premye minis defakto a, Ariel Henry mete yon bidjè deyò li pa wè lajan pou òganize eleksyon e menm pou ta mete yon KEP kanpe nan bidjè sila. Pòt pawòl la lonje dwèt sou yon gwoup moun ki bò kote premye minis defakto a san li pat site non, ki ap pwofite de ensekirite a pou eleksyon pa òganize paske pa gen moun kap vote yo se la yo kapab fè bè yo.

Pou fini, pòt pawòl la konseye mouche Ariel Henry pou retire move grenn sa yo bò kote li ki pa wè peyi vre men se pòch yo yap defann.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …