AYITI/ZEN: LAPOLIS MARE KOU KRAB TWA AVOKA NAN YON NAN KAY JOSEPH BADIO TE KONN KACHE NAN FÈMAT.

Lapolis mare kou krab apre midi dimanch 22 oktòb 2023 a twa (3) avoka nan yon kay Joseph Felix Badio te konn kache nan zòn « Fermathe » tou pre simityè Soisson an.

Selon enfo nou rive jwenn avoka sa yo ta ale pran kèk dosye enpòtan prezime asasen #1 ki te masakre ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Joseph Badio ta genyen anndan kay sila tankou telefòn, òdinatè ak lòt bagay toujou, lè lapolis debake sou yo, yo fè konnen se rad yo te vin chache pou kliyan yo a, yon kay ke jij de pè te poze sele sou li.

Avoka sa yo ki se mèt Eddyson Alexandre, Markenson Charles ak Jeppson Limage fè pâti bawo Mibalè, selon enfo nou rive jwenn yo ap reflechi nan komisarya « Petion ville » la nan moman nap pale la.

Nap raplew Joseph Felix Badio selon yon rapò DCPJ, se otè entelektyèl masak ki te fèt sou ansyen prezidan peyi Dayiti a Jovenel Moïse lakay li jou ki te 7 jiyè 2021 an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …