AYITI/ENSEKIRITE: MOUN FONPARIZYEN PA DESIDE RETE BWA KWAZE DEVAN ZAK ENSEKIRITE KI AP TAYE BANDA NAN PEYI A.

Apre bandi 400 mawozo fin pran kontwòl plèn nan, boule sou komisarya ak biwo dwàn nan nan Gantye, moun Fonparizyen pa deside rete bwa kwaze, yo anonse yon gwo mach pou jou ki ap mèkredi 28 out 2024 a.

Selon sa yo fè konnen mach sila se pou mande liberasyon ak sekirite pou komin Gantye ki anba men bandi depi 21 jiyè 2024, yo mande manm konsèy chak moun fè ti kout la, premye minis defakto a, Garry Conille, DG PNH la, Normil Rameau ak kòmandan an chèf lame a, Derby Guerrier pou pran responsabilite yo.

Pilwen yo denonse moun ki pote non otorite yo ki te prefere pase jis Tyòt pou tonbe Fonparizyen pou te kapab pote egzamen ofisyèl yo vini olye yo te met sekirite sou wout nòmal la pou egzamen yo te ka pase e rive atan, anpil elèv Gantye pa rive konpoze.

Yon lòt bò yo mande tout zòn, tout lokalite ki pre ak Fonparizyen yo pou vin patisipe nan gwo bout tonton mach sa ki ap demare Lasous pou al bout devan mache mirak la nan site.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …