AYITI/NASYON ZINI: EDGARD LEBLANC FÈ YON REMUNTADA SOU TRIBIN NASYON ZINI AN.

Prezidan konsèy chak moun fè ti kout la, Edgard Leblanc Fils fè yon remuntada selon anpil moun nan diskou li a sou tribin nasyon zini an jounen jedi 26 septanm 2024 la.

Apre gwo zotobre blan meriken yo te fin imilye prezidan « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » Edgard Leblanc Fils nan jou li te gen pou vwayaje a, lè yo te fè li konnen yo pap kapab garanti sekirite li si li ta rantre nan eta New york pou vin patisipe 79èm asanble nasyon zini yo, yon nouvèl ki ta pral choke anpil moun e ki ta pral fè gwo deba, sa ki ta pral pouse peyi Etazini tounen sou desizyon li kote yo te vin ekri mouche Edgard fè li konnen li kapab rantre Etazini e li ap benefisye tout privilèj yo, anbyen selon anpil moun nan diskou li sou tribin nasyon zini yo Edgard Leblanc vanje imilyasyon li te pran an.

Nan diskou prezidan « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la », Edgard Leblanc Fils takle ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump ki ap fè yon vye kanpay sou do ayisyen yo nan akize yo nan manje chat, kana yo, li tou pwofite korije kaye ameriken yo, li mande pou transfòme MMAS an misyon pou mete lapè, pou repete kèk nan pwen mouche Edgard te gen nan diskou li a.

Pilwen Edgard Leblanc mande peyi Lafrans pou remèt peyi Dayiti lajan endepandans yo a, li fè konnen enjistis sa Lafrans te fè peyi a pral gen 200 lane an 2025 ki ap vini la, selon Leblanc se pa yon favè yo ap fè peyi a men se respè ak jistis.

Yon lòt bò Edgard Leblanc mande kominote entènasyonal pou solidè ak peyi Dayiti pou kapab rezoud kriz la, selon li solidarite sa dwe fèt nan aksyon men pa nan pawòl ak pwomès. Yon diskou ke anpil moun nan popilasyon an bat gwo bwavo pou li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …