AYITI/POLITIK: YON NOUVO PREZIDAN NAN TÈT « KONSÈY PREZIDANSYÈL CHAK MOUN FÈ TI KOUT LA » POU BWÈ CHANPAY

Malgre moman difisil popilasyon an ap konnen nan dènye jou sa yo, ti nèg politisyen pa bò isi nan tèt kole ak kominote entènasyonal la ap bwè chanpay sou do yo.

Nan apre midi 7 oktòb 2024 la, Leslie Voltaire enstale kòm nouvo prezidan « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout la » san pasasyon, li ranplase nan pòs sila Edgard Leblanc Fils ke manda li fini, nan seremoni sila anbasadè peyi Etazini, peyi Lafrans lan ak ansyen prezidan konsèy la, Edgard Leblanc pat prezan.

Yon konsèy prezidansyèl ke anpil moun ap mande ki sa li itil peyi a pandan yo ap touche gwo lajan sou do pèp la, sis (6) mwa apre sa yo regle? Sa yo
fè?

Pandan sis (6) mwa a anba goumen ak presyon kominote entènasyonal la yo nonmen mouche Garry Conille kòm premye minis, apre yon ti tan yo mete yon gouvènman kanpe ke mouche Garry Conille kontwole depi nan pye rive nan tèt, depi lè sa yo pa janm ka fè okenn chanjman nan direksyon jeneral ki granmoun tèt yo a tankou ONA, BMPAD, DIGNITE, OAVCT, DGI, APN pou site sa yo malgre bri koripsyon ki ap kouri nan kèk nan biwo sa yo.

Pandan anplwaye leta yo ap tann chanjman, pèp la ap pran bal, yo ap dòmi nan lari, pitit yo paka ale lekòl, tout bagay tèt nèg, ayisyen ap pran imilyasyon nan peyi etranje ,nouvèl pran lari 3 manm nan konsèy la, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles akize nan vann pòs e pran gwo lajan nan men yon seri direktè pou kenbe yo nan pòs yo, yon dosye ULCC ta pral pran an chaj e bay mo li kont mesye sa yo ke lòt manm yo bò kote pa yo pa deside mete yo deyò e pran yon rezolisyon pou pwoteje yo.

Sa ki pouse anpil moun vin gen plis dout sou konsèy la, ki te deja pat janm pran okenn desizyon an favè pèp la, ke mache nan otèl bwè chanpay pandan sityasyon peyi pa chanje, mizè a ogmante, bandi yo vin gen plis pouvwa.

Nou ap fè ou konnen chak manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » genyen 220 mil goud kòm salè chak mwa, 73 mil goud frè, 400 mil goud pou kay,500 mil goud ti kat, 250 mil goud pou gaz,20 mil goud kat telefòn,san konte gwo lo a 25 milyon goud entelijans.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …