AYITI/ JISTIS : YON JIJ ENSTRIKSYON RANN ÒDONANS AN FAVÈ KÈLKE KONPAYI NAN ZAFÈ LAJAN PETWOKARIBE A.

Yon jij nan tribunal premye enstans Pòtoprens Ramoncite Accimé voye jete byen lwen kèlke konpayi tankou sountèk SA, sofiday Sa, poun site sa yo sèlman, yo te endekse yo nan dosye lajan petwokaribe a swadizan lakou dèkont te mete yo nan rapò petwokaribe a kòm kwa yo te youn nan konpayi ki te vòlè nan lajan petwokaribe a.

Daprè sa jij la fè konnen, konpayi sa yo pa gaspiye lajan petwokaribe a paske yo te fè travay yo byen, yon lòt kote jij la fè konnen li pa jwenn okenn dosye ni plent kont antrepriz sa yo.

Nan yon lòt bò, avoka pleyan nan zafè petwokaribe a pami yo Mèt André Michèl, mèt Maisonneuve voye jete byen lwen desizyon gwo ponyèt yo di jij Accimé pran an.

Yon lòt kote avoka yo fè konnen Jij Ramoncite Accimè se divèsyon lap fè poul ka blanchi ansyen patwon sofiday la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …