Ayiti/Ensekirite: Yon jounen bal mawon nan lakou peyi Dayiti.

Peyi a konnen yon madi bal mawon pandan jounen 11 fevriye 2025 lan nan lakou peyi Dayiti.

Nan lekòl « Saint Louis de Gonzague » ki chita kò li nan komin Delma yon elèv resevwa yon bal nan men pandan li ta pral pipi selon enfo ki rive jwenn nou, yon blese ki pa twò grav, etidyan CEDI, Lebelt Massénat mouri ak yon bal nan tèt pandan li tap swiv kou nan sal klas. Nan komin Ti rivyè Latibonit nan yon atak bandi « Savyen » yo fè plizyè abitan soti blese e pèdi kay yo, nan tantativ bandi « kraze baryè » yo ki gen nan tèt yo Vitelhomme Inonocent ap fè pou pran kontwòl plizyè zòn nan komin « Petion ville » plizyè moun nan popilasyon an soti blese nan kout bal ki ap tire ant bandi yo ak lapolis.

Yon sityasyon ki pouse anpil moun nan kèk katye nan komin « Petion ville » oblije ap kite kay yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Zen: Apre komin Mibalè vil Okay nan wout pou li livre bay bandi, Guy Philippe reyaji.

Nan yon lèt tou louvri ki pote dat 11 avril 2025 direktè depatmantal Sid polis …