Pati Sèvitè Ayisyen (PSA) lanse dezyèm rasanbleman li nan Limonad : Aksan an mete sou yon « revolisyon ekonomik ak sosyal »

Apre yon premye lanse ki te fèt nan Wanament, Pati Sèvitè Ayisyen (PSA) òganize ofisyèlman, dimanch 27 septanm 2026 sa a, dezyèm gwo rasanbleman li sou plas St Anne nan komin Limonade. Plizyè milye manm ak patizan ki soti nan divès komin nan depatman Nò ak Nòdès te fè deplasman an pou vin koute gwo liy pwojè politik sa a ki baze sou yon revolisyon ekonomik ak sosyal pou peyi Dayiti.

Pati Sèvitè Ayisyen vle mete relans edikasyon an, agrikilti ak pwodiksyon nasyonal la tankou prensipal priyorite nan aksyon li. Lide a se redone peyizan an valè li kòm yon vrè aktè ekonomik epi ankouraje konstriksyon ak devlopman peyi a.

Pandan aktivite istorik sa a, plizyè reprezantan depatmantal ak kominal te pran lapawòl pou salye mobilizasyon an. Selon yo, PSA vin pote yon nouvo vizyon politik ki gen pou objektif reponn ak gwo pwoblèm popilasyon an ap rankontre depi apre endepandans li nan ane 1804.

Lidè sa yo mete aksan sou nesesite pou chanje fason yo ap gouvène peyi a, valorize kilti ayisyèn nan, memwa pèp la, tradisyon yo. Yo lanse yon apèl pou yon mobilizasyon kolektif pou devlopman nasyonal ak konbat lavichè ak lapovrete, nan pran egzanp sou zansèt yo. « Nou dwe konn kote nou soti, kote nou prale »,

Kowòdinatris nasyonal pati a, Wideline Pierre, ke popilasyon an te aksepte ak anpil amou ak antouzyasm nan Limonad, te prezante kat prensipal pilye ki konpoze misyon PSA a :

* Ransanbleman ak reconsilyasyon nan mitan nasyon ayisyèn nan ;
* Rèvèy konsyans nasyonal la ;
* Inite nan mitan tout Ayisyen ;
* Routounen sou tras zansèt yo atravè lajistis sosyal.

Madanm Pierre te profite salye detèminasyon popilasyon depatman Nò ak Nòdès yo, epi li anonse PSA pral enplante l nan lòt depatman peyi a pou pèp la ka reprann dwa l kòm yon pèp ki lib.

« Menm jan ak zansèt nou yo ki te fè revolisyon 1804 la pou nou te ka jwenn endepandans nou, nou menm nan PSA, nou pral fè yon lòt 1804 pou yon revolisyon ekonomik ak sosyal pou tout pitit fi ak pitit gason peyi d Haïti », se sa kowòdinatris nasyonal la te deklare.

Konsènan kèsyon eleksyon yo, Wideline Pierre — ke anpil moun te konnen anba sipriye “Dam kanal la pap kanpe (KPK)” — fè konnen li enposib pou ta gen eleksyon san pa gen sekirite nan tout peyi a pou pèmèt sitwayen yo, komèsan yo ak peyizan yo sirkile lib e libè. Li denonse sa li rele eleksyon « pike kole », pandan pèp la ap soufri nan yon sitiyasyon ki difisil anpil.

Li mande tou pou gen yon edikasyon gratis epi ki lib pou tout moun, kòm yon prensipal zouti pou rekonstwi peyi a.
Moun ki te reprezante komin Sen-Raphayèl la te lance yon apèl bay tout popilasyon an pou yo travay ansanm ak PSA pou redone Leta ayisyen tout sans li, pou l ka reponn ak bezwen pèp la, sitou nan kèsyon manje. Li te plede tou pou aparisyon yon nouvo klas ekonomik ki kapab pote konbit pa l nan chanjman peyi a.

Nenpòt ki jan sa ye, apre li te fin pran nesans nan depatman Nòdès, Pati Sèvitè Ayisyen (PSA) gen entansyon kontinye wout li nan tout lòt depatman yo pou l vin yon gwo fòs nasyonal. Filozofi pati a rete chita sou transformasyon ekonomik, lajistis sosyal, pwodiksyon nasyonal ak mobilizasyon bò kote yon nouvo vizyon pou Ayiti. Slogan yo se : « Sèvi pou viv, viv pou sèvi. »

About Emmanuel Hubert

Check Also

Le RHAJAC exige une enquête de l’ULCC sur des soupçons de détournement de fonds publics

Le Réseau Haïtien des Journalistes Anti-Corruption  est monté au créneau ce dimanche 27 septembre 2026. …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager