Li fèt yon 25 jen nan Pòtoprens. Nan yon moman kote peyi a ap chèche nouvo gid ak figi ki gen rasin nan kominote yo, Jeanlys Pierre Parnel enpoze li kòm yon reprezantan ki devwe nan sèvis popilasyon an, patikilyèman nan premye sikonskripsyon Pòtoprens.
Parnel gen yon fòmasyon miltidisiplinè solid: li se enfòmatisyen ak anketè de fòmasyon, li gen konesans nan jesyon zafè yo, li se etidyan nan Relasyon Entènasyonal ak Diplomasi.
Pandan tout pakou li, Jeanlys Pierre Parnel travay nan plizyè sektè ak enstitisyon enpòtan:
* Sektè Edikasyon : Li sèvi kòm pwofesè nan anseyman.
* Sektè Sante ak Envestigasyon : Li te anketè pou Zanmi Lasante nan yon pwojè sansibilizasyon sou kolera; Anketè, teknisyen de rechèch ak lojistik nan òganizasyon MOUFHED; epi li te patisipe kòm anketè ak òganizasyon « Avocats Sans Frontières Canada ».
* Jesyon ak Administrasyon Piblik : Li te okipe pòs Direktè pwojè nan Fondasyon Montesinos, epi li sèvi kòm ajan Administratif epi enspektè Depistè nan Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA).
* Antreprenarya Kiltirèl : Li se PDG Compagnie culturelle LAPROPHETIE.
Eksperyans politik Jeanlys Pierre Parnel gen gwo rasin nan kominote l la. Nan ane 2015 ak 2017, li te pote koulè pati Fusion des Sociaux-Démocrates kòm kandida pou pòs Delege vil Pòtoprens, yon okazyon ki te pèmèt li konprann pi byen reyalite ak bezwen moun nan zòn nan.
Nan lane 2020, li rantre nan pati politik LÒD Demokratik ki anba direksyon ansyen Senatè Jean Renel Sénatus. Yo te kòmanse ba li responsablite sou Afè Politik ak Kolektivite Teritwa yo. Jodi a, li okipe pòs Sekretè Jeneral Parti LÒD Demokratik, kote li ap kontinye mennen batay pou yon pi bon òganizasyon politik ak devlopman lokal.
Anplis travay pwofesyonèl ak politik li, Jeanlys Pierre Parnel se Prezidan CNTA (Conseil des Notables de l’Avenue Poupelard). Pòs sa a pèmèt li vin yon aktè kle nan pwomosyon patrimwàn kiltirèl nan zòn tankou Avenue Poupelard, Fort National, Poste Marchand ak zòn ki tou pre yo.
Chak ane, atravè festivite fèt patronal Sen Antwàn lan, li mete an valè idantite ak kilti zòn sa yo, pandan li ap kreye yon espas pou koyesyon sosyal ant diferan aktè ak jèn yo. Angajman lk pou lide ak espwa jèn nan 1yè sikonskripsyon an montre kwayans li genyen nan potansyèl jenès ayisyèn lan kòm motè chanjman.
Echojounal echojounal.net