Yon dimanch apre midi ki pa te dous ditou pou responsab Ministè Edikasyon Nasyonal ak FAES. Rezo Ayisyen Jounalis Anti-Kowipsyon (RHAJAC) soti nan silans li pou li denonse sa li rele yon gwo mank transparans nan fason gouvènman defakto an ap jere yon anvlòp 2,5 milya goud ki te fèt pou ede fanmi ki nan nesesite yo pou rantre lekòl la. Rezo a mande Unité de Lutte contre la Corruption (ULCC) debake vit pou ouvè yon ankèt sou dosye sa a.
Tout bagay te konmanse ak anpil bèl pwomès jou ki te 19 out pase a. Nan yon gwo seremoni, minis Edikasyon Nasyonal la, Dr Vijonet Déméro, ak direktè jeneral Fonds d’assistance économique et sociale (FAES), Kesner Romilus, te anonse yon gwo pwogram sibvansyon. Lide a te senp: bay 140 000 paran malerèz ak malere yon ti souf nan voye 15 000 goud bay chak nan yo. Kob sa a te dwe rantre dirèkteman sou telefòn moun yo atravè sèvis MonCash ak Natcash.
Men jodi a, plis pase twa semèn apre lekòl ouvè, reyalite a sou teren an tris anpil. Nan katye popilè yo ak nan zòn ki pi kout tèt yo, majorite paran yo ap plenyen paske yo pa janm wè koulè yon goud.
Sitiyasyon an vin pi cho toujou lè RHAJAC soti kalkilatris li. Lè ou pran 140 000 paran epi ou ba yo 15 000 goud chak, sa bay yon total 2,1 milya goud.
Kesyon sekretè jeneral rezo a, Djovany Michel, ak ekip li a ap poze anpil moun san repons se: Kote 400 milyon goud ki rete nan 2,5 milya yo te anonse an gwo ponp lan pase?
Daprè sa RHAJAC rapòte, gen anpil temwanyaj paran ki ap kriye sou rezo sosyal ak nan radyo, epi gen enfòmasyon ki soti anba chal nan men kèk gwo kad nan ministè a ki fè konnen ta gen gwo sispèk kowipsyon ak detounman lajan ki enplike gwo chèf nan MENFP ak nan FAES.
Devan sa li rele yon gwo eskandal, rezo jounalis yo pa pase pa fè twòp wout. Yo mande ULCC pou li mete men nan pat la san pèdi tan epi tcheke tout sikui lajan sa a. Men pwen prensipal RHAJAC vle pou ankèt la eklèsi:
* Se konbyen lajan ki te vrèman transfere bay FAES epi ki te rive jwenn men paran yo tout bon;
* Konfime kantite presiz benefisyè ki anrejistre nan Système d’Information pour la Gestion Éducative (SIGE);
* Jistifye tout frè administratif oswa teknolojik konpayi telefòn yo ta pran;
* Konnen ki mekanis kontwòl ki te mete sou pye pou anpeche moun fòme lis fiktif oswa mete menm non plizyè fwa.
RHAJAC fini pou li mande gouvènman an pibliye san pran tan yon bilan klè, ak tout chif yo, sou jan yo sèvi ak 2,5 milya goud sa a, tout pandan yo ap veye pou pwoteje done pèsonèl fanmi sa yo ki ap sipòte yon gwo kriz sekirite ak ekonomik nan peyi a.
Echojounal echojounal.net