Nan nenpòt peyi ki respekte tèt li, sekirite se premye kontra ki genyen ant moun ki ap dirije ak pèp la. Men an Ayiti, sanble kontra sa a chire, jete nan fatra. Jodi a, nou ap poze tèt nou yon sèl kesyon: Nan kisa tout moun sa yo ap sèvi?
Yon Lis « Chèf » san Rezilta
Lè nou ap gade organigram Leta a, nou wè gwo tit, bèl biwo, ak gwo bidjè:
Nou gen yon Premye Minis ki ap bay diskou.
Nou gen yon Minis Jistis ki ap pale de lalwa.
Nou gen yon Minis Defans ak yon Minis Enteryè.
Nou gen yon Direktè Jeneral Lapolis ak yon Chèf Lame.
Si nou gen tout kòmandman sa a, kouman fè se bandi ki ap deside kilè moun gen dwa sikile? Kouman fè yon ti ponyen kriminèl rive mete tout yon nasyon ajenou? Gen yon sèl mo pou sa: Lachte oswa Konplisite.
Plèn nan tounen yon Simityè, Latibonit ap deperi
Depi kèk jou, moun nan Plèn nan Cul-de-Sac ap viv yon lanfè ki pa gen non. Yo lage de bra balan, san sekou, pandan kay yo ap boule e fanmi yo ap gaye. Ki kote Leta ye? Ki kote blende yo ye?
Nan Latibonit se yon lòt nivo mechanste. Gwoup kriminèl tankou Grand Grif ak kokorat sans ras ap dechèpiye grenye peyi a. Yo ap touye, yo ap vyole, yo ap vòlè rekòt malere ak malerèz san pèsòn pa di yo « ase ». Lè bandi yo rive gen plis otorite pase Leta nan yon zòn, sa vle di moun ki nan biwo yo nan Pòtoprens yo pa chèf ankò; yo se senp dekorasyon.
»Yon nasyon pa ka mouri konsa, anba kout kouto pwòp pitit li, pandan moun ki sipoze pwoteje li yo ap gade ak de bra kwaze. »
Nou pa ka kontinye aksepte pou nou ap peye taks pou nou peye salè minis ak direktè ki pa ka menm garanti sekirite yon lari. Si yon minis jistis pa ka bay jistis, si yon chèf lame pa ka defann teritwa a kont kriminèl, si yon premye minis pa ka bay pèp la souf: Fòk yo rann tabliye yo.
Istwa p ap padone silans sa a. Mechanste Grand Grif ak konpòtman san ras kriminèl yo nan Latibonit ak nan Plèn nan se rezilta yon Leta ki demisyone. Pèp la pa mande charite, li mande dwa li genyen pou li viv tankou moun.
Kilè nou ap sispann konte kadav pou nou kòmanse konte arestasyon? Lè a rive pou chèf yo sispann gade, epi pou yo aji. Sinon, se istwa ki ap bale yo jete nan fatra memwa pèp la.
Echojounal echojounal.net