Pandan katye Pòtoprens yo ap boule ak bal, pandan fanmi yo ap kouri kite kay yo men vid epi pèp ayisyen an ap soufri anba yon ensekirite san parèy, souf leta a ap pase nan vwayaj liks. Yon lòt fwa ankò, Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, montre aklè jan li kase fèy kouvri sa pòt sou soufrans popilasyon an, lè li kite peyi a an kachèt nan yon jet prive ki koute anviwon 4 500 dola ameriken pa èdtan lajan ki soti dwat nan kès Leta a.
Pandan ke lopital piblik yo pa gen medikaman, medsen yo pa gen ekipman, epi polisye yo sou teren an ap mande zam ak minisyon pou pwoteje popilasyon an, lidè pèp la chwazi boule milye dola sou chak èdtan vòl pou satisfè bezwen pèsonèl li. Nan yon peyi kote plis pase mwatye popilasyon an pa ka jwenn yon plat manje pa jou, depanse kalite chalbarik lajan sa a sou do pèp la se pa sèlman yon mank respè, se yon provokasyon ki montre mank respè lidè sa yo genyen pou moun yo ap dirije yo.
Depa sa a, ki fèt san okenn nòt ofisyèl pou enfòme nasyon an sou absans chèf gouvènman an, mete aklè jan transparans ak responsablite pa gen okenn valè pou gouvènman sa a. Yon chèf gouvènman ki respekte fonksyon li ak pèp li a pa dwe janm kite peyi a an katimini tankou yon moun ki ap sove kouri.
Antouraj pouvwa a pa menm pran lapèn bay popilasyon an yon esplikasyon sou rezon vwayaj sa a, kote li ale, ni konbyen tan li pral fè deyò a. Silans sa a montre aklè yon sèl bagay: pouvwa sa a pa santi li gen okenn kont pou li rann pèp ayisyen an.
Sitiyasyon sa a provoke yon gwo kòlè nan sosyete a. Nan lari yo ak sou rezo sosyal yo, vwa yo ap leve pou denonse sa anpil moun konsidere kòm yon gwo gaspiyaj nan tèt Leta a.
« Popilasyon an ap mouri anba kout bal chak jou, nou pa gen sekirite, nou pa gen manje, epi chèf yo ap pran plezi nan gwo jet prive ak lajan taks nou! Se yon imilyasyon pou chak ayisyen, » se sa yon abitan ki ap viv nan zòn metwopolitèn nan deklare.
Lè ou gade priyorite gouvènman sa a, li klè ke enterè pèsonèl ak konfò elit politik la pase anvan sekirite ak lavi sitwayen yo. Pèp ayisyen an kontinye ap peye sakrifis la ak san li, pandan dirijan yo ap kontinye mennen yon lavi liks sou do kès piblik la.
Echojounal echojounal.net