Peyi a ap tranble depi lontan anba yon vyolans san manman ki blayi lapèn ak dezas nan chak kwen chak katye nan kapital la ak nan pwovens yo. Men, pandan pèp la ap konbat pou li siviv chak jou, yon reyalite ki pi fè nwa toujou ap leve vwal li: èske ensekirite sa a se yon malè ki tonbe sou nou, oubyen èske se yon machin ki byen planifye pou sèvi enterè kèk otorite?
Aji kòm yon gouvènman defakto ki pa gen yon manda demokratik ki chita sou volonte popilè a, pouvwa an plas la ap montre yon fo pasivite ki bay anpil leson. Lè nou ap analize kouman zafè sekirite ap jere nan peyi a, yon kesyon retounen chak jou sou bouch sitwayen yo: Poukisa ensekirite sa a toujou ap kontinye epi menm ap vin pi rèd?
Istwa politik nou an montre klèman ki jan laperèz ak divizyon te toujou zouti preferansyèl pou diktatè ak dirijan ki pa vle rann kont bay pèp la. Lè yon sosyete ap viv chak jou ak lapèn nan vant ak krent pou yo pa kidnape yo, pou yo pa masakre yo, oubyen pou yo pa mete dife nan kay yo, li vin pi difisil pou sitwayen yo mobilize pou defann dwa yo.
Yon pèp ki gen kè kase ak krent nan kè li pa gen fòs pou li desann nan lari rele anmwey pou desizyon ki pa bon. Gouvènman defakto a parèt ap sèvi ak klima latèrè sa a kòm yon plak pwotèj pou evite gwo kontestasyon ak revandikasyon sosyal.
Tank peyi a pa estab, tank pa gen sekirite, se tank yo ka toujou kenbe pretèks la ke kondisyon yo pa reyini pou òganize eleksyon lib, transparan e demokratik. Konsa, yo jwenn yon fason pou yo kontinye chita sou chèz la san pèp la pa gen mo pou di ladan l.
Pi tris la nan tout istwa sa a, se jan vyolans lan tounen yon sous richès pou yon ti gwoup moun ki nan pouvwa a ak tou pre yo. Lè zòn yo bloke, pri machandiz yo monte nan syèl la; lè wout yo tounen yon savann pou gang ame, trafik ilegal yo ap flore.
Kontra ijans, alokasyon fon san kontwòl, ak jere kriz sekirite yo sou non « batay kont gang » yo vin tounen yon kalfou kote gwo lajan piblik ap pase nan men kowonpi san okenn transparans.
Pandan lajan ap antre nan pòch moun ki nan tèt yo gras ak kriz la, se pòch pèp la menm ki ap vide. Fanmi yo oblije peye gwo ranson, abandone kay yo, epi kouri al viv tankou refijye nan pwòp peyi yo.
Li lè, li tan pou sa ki soti nan bouch otorite yo sispann diferan ak sa ki ap pase sou teren an. Yon gouvènman ki pran nesans sou dezentegrasyon leta ak sou dlo nan je sitwayen li yo pa ka gen okenn lejitimite ankò.
Istwa ap voye je sou aksyon yo. Pèp ayisyen an merite pi bon pase mannèv sa yo ki chita sou san ak sou soufrans. Li lè pou tout fòs konsyan nan peyi a mete ansanm pou mande rann kont, epi pou yo rejte tout fòm manipilasyon ki sèvi ak ensekirite a pou kenbe yon ti ekip sou pouvwa a pou enterè pèsonèl yo.
Echojounal echojounal.net