‎Eskandal nan tèt Leta: Plis pase 7 milyon dola ameriken ki te dwe sèvi pou achte zam pou PNH disparèt.

‎Yon nouvo gwo eskandal koripsyon ap souke gouvènman an. Daprè enfòmasyon ki soti nan jounal Miami Herald ak dokiman ki nan men yo, leta ayisyen te pase yon gwo kontra ki depase 24 milyon dola ameriken ak yon fim ameriken ki rele Fencebridge Strategic Risk.
‎
‎Kontra sila a te dwe pèmèt fòs sekirite yo achte fizi semi-otomatik ak plizyè milye minisyon pou mete nan men Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH), yon enstitisyon ki ap goumen chak jou kont ensekirite a.
‎
‎Malgre lajan an te deplase, se yon gwo desepsyon sou teren an: majorite materyèl yo pa janm rive jwenn lapolis. Dokiman yo montre klèman gen plis pase 7 milyon dola ameriken ki disparèt nan mitan wout.
‎
‎Ansyen depite ameriken Mark Green, ki te sèvi kòm entèmedyè pou ede fim nan jwenn kontra a, konfime ak Miami Herald li menm li te resevwa 600 000 dola ameriken. Pi grav ankò, li fè konnen leta ayisyen te voye plis pase 15 milyon dola nan men yon sèten Élie Soto.
‎
‎Dosye sa a mete gwo limyè sou fason lajan pèp la ap gaspiye nan yon moman kote peyi a ap travèse kriz pi difisil pase tout lòt. Anpil sitwayen ak obsèvatè ap poze tèt yo kesyon sou volonte tout bon vre otorite yo pou mete lòd nan peyi a.
‎
‎Dapre anpil analiz ki ap fèt, zak kalite sa yo fè anpil moun panse se yon enterè pèsonèl ki ap defann anba tab. Sitiyasyon sa a fè anpil moun kwè sèten otorite ta pito kenbe sitiyasyon an konsa, paske sa ba yo mwayen pou yo anrichi tèt yo byen vit sou do lapolis ak sekirite popilasyon an.

‎
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Ensekirite/Ti Rivyè Latibonit: gwoup ame okipe mòn fò ak krèt a Pyero.

Yon gwo sitiyasyon panik ak enkyetid ap domine nan komin Ti Rivyè Latibonit byen bonè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager