Etazini/Depòtasyon: Prezidan peyi Salvadò a pran yon gwo desizyon ak pil moun Etazini ap depòte yo.

Prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele pran yon gwo desizyon ak pil moun peyi Etazini ap depòte yo apre chita pale li ak sekretè deta ameriken an, Marco Rubio.

Prezidan Nayib Bukele aksepte pou li resevwa tout resòtisan pa li yo ki pa gen papye yo ak resòtisan tout lòt peyi ke yo ta vle voye ba li menm, sa ki ta gwo gwo kriminèl yo tankou « gang M13 », « Tren de Aragua » yo pou site sa yo men li mande pou peyi Etazini bay yon ti lajan pou sa, selon sa li fè konnen lajan sa pral ede li jere prizon yo ak kote li pral mete resòtisan yo, ba yo manje ak sa ke yo ap bezwen.

Nou ap fè ou konnen peyi Etazini se youn nan peyi ki te konn kritike prezidan Bukele lè li tap fè prizon Salvadò yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Participation du Ministre de la Santé Publique à la réunion préparatoire de la 78e Assemblée Mondiale de la Santé

Genève, 19 mai 2025 — À la veille de l’ouverture officielle de la 78e Assemblée …