Fèt Papa: Yon selebrasyon ki souvan rete nan lonbraj, men ki merite tout limyè nou

Pandan mwa me a konn vibré anba gwo anbyans pou fete manman yo, mwa jen an konn rive sou nou nan yon kalmi ki prèske total lè l jwenn tou pa papa yo. Jounen entènasyonal Fèt Papa a konn pase konsa, san gwo bri, san gwo piblisite, tankou yon dat yo bliye nan kalandriye a. Poutan, dèyè silans sa a kache yon reyalite ki merite pou nou poze je nou sou li: wòl fondamantal ak sakrifis chak jou gason ki ap bati jenerasyon jodi a.

Ki kote fèt sa a soti?

Lide pou fete papa yo pa dat jodi a, men li te pran tan pou l te rive jwenn menm valè ak pa manman yo. Orijin modèn fèt sa a soti Ozetazini nan kòmansman ventyèm syèk la. Se yon jenn fanm ki te rele Sonora Smart Dodd ki te lanse lide a nan ane 1910.

Apre manman l te fin mouri, se papa l, Henry Jackson Smart, yon ansyen militè ki te fè lagè sivil meriken an, ki te leve li menm ak 5 frè ak sè l yo pou kont li. Sonora te rann li kont pa t gen okenn jounen ofisyèl pou rann gason vanyan sa a omaj pou tout sakrifis li te fè. Malgre anpil batay, se erè nan ane 1972, anba prezidans Richard Nixon, yo te vin deklare twazyèm dimanch nan mwa jen an kòm jounen ofisyèl Fèt Papa Ozetazini, yon tradisyon anpil lòt peyi te vin adopte pi ta.

Yon fèt ki souvan nan lonbraj

Lè nou gade reyalite a nan mache yo, nan magazen oubyen nan medya yo, nou rekonèt byen vit diferans lan. Pa gen menm bèl anbyans, ni menm kantite kado ki ap prepare. Anpil moun konn di sa soti nan fason sosyete a gade gason: kòm yon poto mitan ki dwe toujou fò, ki pa bezwen gwo rèl, ni gwo remèsiman pou sa li ap fè.

Men, reyalite a chanje. Jodi a, gen yon nouvo jenerasyon papa ki ap enplike yo plis nan edikasyon timoun yo, ki ap bay afeksyon, ki ap lave, ki ap kuit manje, epi k ap pote chay kay la ansanm ak manman yo. Silans sosyete a pa vle di travay yo a pa gen valè.

Yon gwo kout chapo ak kouraj pou tout papa yo.

Nan yon moman kote lavi a vin pi di toupatou sou latè, kote kriz ekonomik ak pwoblèm sekirite ap sekwe anpil fanmi, nou dwe voye yon gwo mesaj ankourajman bay tout papa yo, kit yo isit an Ayiti, kit yo nan rès mond lan.

Nou ap di kouraj ak:

Papa k ap goumen chak jou nan lari a anba gwo solèy, pou chache moso pen pou timoun yo ka ale lekòl.

Papa ki ap viv lwen fanmi yo, nan dyaspora a, ki ap travay san pran souf pou voye transfè pou soutni moun yo kite dèyè.

Papa k ap leve pitit pou kont yo, ki ap jwe de wòl yo alafwa ak anpil diyite.

Bati yon fanmi mande anpil fòs, epi kenbe fèm kòm lidè ak modèl mande plis kouraj toujou. Nan okazyon sa a, Echojounal ap swete chak papa yon bèl fèt. Nou pa bliye nou, nou wè sakrifis nou yo, epi n ap di nou mèsi pou chak gout swè ak chak sakrifis. Chape ba pou nou!

About Angeline Michel

Check Also

Canicule historique en Europe : Le continent suffoque, les hôpitaux sous haute tension

Une vague de chaleur d’une intensité inédite frappe l’Europe de plein fouet ce samedi, installant …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager