Mondyal 2026: Harry Kane elimine RD Kongo epi voye Angletè nan uityèm de final fas ak Meksik.

Se avèk anpil kouraj ak detèminasyon seleksyon nasyonal Angletè a ranvèse ekip Repiblik Demokratik Kongo a (RDC) mèkredi 1ye jiyè 2026 sa a, nan kad sèzyèm de final Koup dimond lan. *Three Lions* yo genyen match la 2 gòl a 1, siksè sa a pèmèt yo pran tikè pou uityèm de final konpetisyon an.

Tout bagay pa te kòmanse byen pou Angletè ki te twouve l anba gwo presyon lè ekip kongolèz la te louvri eskò a. Men, lidè e kapitèn ekip angle a, Harry Kane, te reponn prezan nan moman kote ekip li a te plis bezwen li. Grasa yon bèl doublé, Kane pèmèt Angletè evite yon gwo pyèj epi asire kalifikasyon l pou pwochen tou a.

Apre viktwa sa a, yon gwo afich ap tann fanatik foutbòl yo nan uityèm de final la. Angletè pral kwaze avèk Meksik, youn nan peyi ki ap òganize 23yèm edisyon Koup dimond sa a. Match chòk sa a ap jwe dimanch 5 jiyè 2026 ki ap vini la a, kote tou de ekip yo pral goumen pou yon plas nan kadefinal.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Rèv Kòt divwa kaba, Nòvèj elimine Elefan yo pou al twoke kòn yo ak Brezil nan 8yèm de final

Avanti seleksyon Kòt divwa a fini ofisyèlman nan Koup dimond sa a. Kòbòy afriken yo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager