Seleksyon nasyonal Ayiti a pran yon gwo frap (6-0) fas ak ekip Etazini an, nan kad match ale ka de final Lig Nasyon CONCACAF la.
Malgre Grenadye yo te reziste nan premye mitan an kote yo te pèdi sèlman (1-0) sou yon gòl Auston Trusty (10e minit), ekip ayisyèn tonbe fò nan dezyèm peryòd la. Ameriken yo, ki te domine match la ak 71 % posesyon balon, make senk lòt gòl gras ak Julian Hall (52e), Christian Pulisic ki fè yon doublé (62e sou penaliti, 63e), Weston McKennie (68e) epi Folarin Balogun (82e).
Ak gwo reta sis (6) gòl sa a, misyon an parèt prèske enposib pou Ayiti anvan match retou a ki pwograme pou madi 17 novanm 2026 ki ap vini la a nan vil Cincinnati, nan TQL Stadium. Si Grenadye yo pa rive fè yon mirak pou kalifye pou Final Four la, yo ap oblije pase nan faz baraj yo pou chèche tikè pa yo pou Gold Cup 2027 la.
Echojounal echojounal.net