Rèv ekip gason Etazini an pou yo ta rive lwen nan pwòp Mondyal yo a kraze tankou vè. Nan yon match uitèm de final ki te jwe nan vil Seattle, seleksyon Bèljik la fese Ameriken yo 4 gòl ak 1, yon gwo kalòt ki mete fen ak tout espwa peyi …
Read More »Mondyal 2026: Lèzetazini kale Bozni-Èzegovin gras ak Balogun ak Tillman!
Seleksyon nasyonal gason Lèzetazini an fè yon gwo kout kouto nan sèzyèm final mondyal 2026 la apre yo fin ranpòte yon bèl viktwa (2-0) devan ekip Bozni-Èzegovin lan. Se te yon match ki te kenbe souf tout fanatik jiskaske dènye siflèt la te tande. Depi nan kòmansman match la, jwèt …
Read More »Mondyal 2026: Lèzetazini Kraze Paragwe nan Los Angeles
Seleksyon gason Lèzetazini an kòmanse faz gwoup (Gwoup D) Mondyal 2026 la ak yon gwo viktwa (4-1) kont Paragwe. Match sa a te jwe nan estad SoFi Stadium ki nan vil Los Angeles, Kalifòni. Se abit Ismail Elfath ki te dirije jwèt la sou teren an. Moun ki make yo …
Read More »Espò/Mondyal 2026: Etazini Paragwe, tout sa ou dwe konnen sou gwo rankont sa.
Seleksyon nasyonal ameriken an ap louvri tounwa a lakay li nan yon gwo match kote li jwenn sou chemen li yon ekip Paragwe ki toujou moso di pou nenpòt advèsè. Match sa a ap fèt anba gwo presyon ak anpil anbyans bò kote sipòtè yo ki ap tann premye soti …
Read More »Etazini/Gè: Lachanm Depite ameriken vote yon rezolisyon pou sispann lagè nan peyi Iran
Vòt istorik sa a, ki pase ak yon ti majorite sere, se yon fason pou Palman an fòse administrasyon Trump lan respekte Konstitisyon an, menmsi chemen an kòmanse parèt long pou desizyon sa a vin yon reyalite. Lachanm Depite Ozetazini franchi yon gwo pa istorik mèkredi 3 jen 2026 sa …
Read More »Lemond/Migrasyon: Repiblik Dominikèn ap sèvi kòm « pasaj » pou migran Etazini ap mete deyò
Nan kad yon nouvo pwojè ki pote non « Bouclier des Amériques » (Boukliye Amerik yo), gouvènman Repiblik Dominikèn siyen yon akò enpòtan ak peyi Etazini jounen madi 12 me 2026 la. Dapre antant sa a, Sen Domeng dakò resevwa sou tèritwa li, pou yon ti tan, yon pati nan …
Read More »Iran/Etazini/Gè: Iran demanti manti Lame Ameriken, tansyon an moute pi rèd nan Gòlf la.
Lendi 4 me 2026. Sitiyasyon an vin pi cho toujou nan rejyon Gòlf la. Alòske prezidan ameriken an te fè konnen lagè a ap fini ak peyi Iran, reyalite a sou teren an montre yon lòt bagay jounen lendi 4 me 2026 la. Lame Etazini anonse li koule sis (6) …
Read More »Lemond/Gè: Èske se yon viktwa pou Iran? Trump fè bak devan « Plan 10 Pwen » Teheran an.
Nan yon virewon ki kite tout obsèvatè entènasyonal yo bouch ouvè, Prezidan ameriken an, Donald Trump, anonse li sispann tout atak ak bonbadman kont peyi Iran pou yon peryòd de semèn. Desizyon sa a tonbe sèlman kèlke minit anvan delè « iltimatòm » li te bay la te rive nan bout li. …
Read More »Iran/Etazini/Gè: Iran reponn Trump, rejyon an ka tounen « Lanfè »
Pandan lemonn ap gade ak kè sote konfli ki ap dejenere nan Mwayen Oryan an, prezidan Palman iranyen an, Mohammad Bagher Ghalibaf, voye yon mesaj klè bay prezidan ameriken an, Donald Trump. Li avèti ke si Etazini kontinye sou chemen sa a, se tout rejyon an nèt ki pral « boule ». …
Read More »Etazini/Iran/Gè: Donald Trump bay Iran yon iltimatòm 48 èdtan
Tansyon an moute wo ant peyi Etazini ak Iran apre Prezidan Donald Trump te pibliye yon mesaj ki chaje ak kòlè sou rezo sosyal li a, Truth Social. Chèf deta ameriken an bay gouvènman Teheran an yon delè 48 èdtan pou yo relouvri detwa Òmiz la, sinon li menase pou …
Read More »
Echojounal echojounal.net