Anbasadè « Etazini nan « Nation Unies », Mike Waltz, prezante kondoleyans ak sipò li bay reprezantan pèmanan El Salvador nan Nasyonzini an, Egriselda López, apre kat (4) militè salvadoryen disparèt nan yon anbiskad gwoup ame te tann pou yo nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè.
Piblikasyon sa a, ki fèt sou kont X (ansyen Twitter) reprezantan ameriken an, vini nan yon moman kote sitiyasyon sekirite a nan rejyon metwopolitèn « Port-au-Prince » la kontinye ap konplike, malgre prezans fòs entènasyonal la ki deplwaye pou apiye Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH).
Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, patwouy militè salvadoryen an ki te nan kad yon misyon sekirite ak rekonesans te sibi yon atak toudenkou ak zam lou nan sektè Santo. Gwoup ame ki kontwole zòn sa a te fòse patwouy la repliye, men kat nan manm fòs salvadoryèn yo pa te ka jwenn wout pou yo rantre nan baz yo.
Pèsonèl sekirite entènasyonal yo ansanm ak inite espesyalize PNH yo deja lanse gwo operasyon rechèch ak sekirite sou teren an ak nan lè a, nan objektif pou jwenn militè sa yo ak dekouvri kote gwoup ame yo ye a.
Nouvèl sa a soulve anpil enkyetid nan nivo diplomasi entènasyonal la ak nan mitan popilasyon ayisyèn nan. Li montre klèman defi ak danje fòs entènasyonal yo ap rankontre chak jou sou teren an pandan yo ap eseye reprann kontwòl zòn ki anba men gang yo.
Pandan operasyon yo ap pouswiv sou teren an nan Santo, otorite salvadoryèn ak ameriken yo konfime yo ap swiv dosye sa a tipa tipa pou jwenn tout detay sou sa ki pase ak sa ki ap fèt pou jwenn militè yo.
Echojounal echojounal.net