Yon gwo sitiyasyon panik ak enkyetid ap domine nan komin Ti Rivyè Latibonit byen bonè maten lendi 19 oktòb 2026 la, apre gwoup moun ak zam te lanse yon gwo atak sou sant vil la nan zòn 3zè dimaten.
Daprè premye temwayaj ak enfòmasyon ki soti nan popilasyon lokal la, asayan yo rive pran kontwòl plizyè sektè estratejik nan komin lan, tankou zòn Mòn Fò (Morne Fort) ak krèt a Pyero.
Atak sa a reyaktive gwo tèt chaje pou abitan nan zòn nan ki deja ap sibi depi plizyè mwa presyon ak vyolans gwoup ame yo nan depatman Latibonit lan. Depi vè 3zè nan maten, bal te ap tire san rete, sa ki oblije anpil fanmi rete kwense anndan lakay yo san yo pa ka al nan okenn aktivite.
Pandan tan sa a, enfòmasyon yo toujou trè limite sou kantite dega ki fèt, si gen moun ki pèdi lavi yo oswa ki blese, epi ki aksyon repons ki poze pa fòs de lòd yo pou retounen kalm nan zòn nan.
Sitiyasyon an rete trè konplike nan Ti Rivyè Latiboni jous kounye a, pandan popilasyon an ap tann yon entèvansyon djanm nan men otorite yo pou reponn ak ijans sekirite sa a.
Echojounal echojounal.net