Nan kad yon gwo kowoperasyon ak peyi nan zòn Karayib la ak Amerik santral, Etazini anonse yon envestisman 175.8 milyon dola ameriken ki pral sèvi nan konstriksyon ak sekirizasyon rezo kab soumarren pou entènèt.
Se depite Sekretè deta ameriken an, Christopher Landau, ki fè anons sa a jou ki te 16 oktòb 2026 la nan lavil Washington, pandan yon gwo rankont ak dirijan ak reprezantan peyi nan zòn nan.
Daprè deklarasyon ofisyèl yo, gwo anvlop lajan sa a gen pou objektif modènize enfrastrikti dijital yo, pèmèt popilasyon yo jwenn yon entènèt ki pi rapid ak pi sekirize, epi pwoteje rezo yo kont menas ak risk cyber-sekirite.
Pwojè sa a se sèlman yon pati nan yon pakèt èd ki monte jiska 340.8 milyon dola ameriken Etazini deside mete sou pye pou sipòte rejyon an nan plizyè domèn tankou:
* Lasante (61.5 milyon dola): Pou ranfòse sistèm lasante ak fòme pèsonèl medikal yo nan zòn Karayib la.
* Sekirite nan pò ak enfrastrikti (37 milyon dola): Sou batri pwogram Caribbean Basin Security Initiative (CBSI).
* Lalwa ak sekirite piblik (66 milyon dola): Pou konbat trafik dwòg, krim organize, ak ranfòse kapasite polis ak fòs lame yo.
Rankont sa a antre nan kad volonte gouvènman ameriken an pou l pwofondi relasyon ekonomik, enfrastriktirèl ak sekirite ak peyi ki nan basen Karayib la ak Amerik Santral.

Echojounal echojounal.net