Yon nouvo rekò istorik fikse nan Lamezon Blanch, men se pa youn nan sa yo fete. Presidan Donald Trump revoke pòt-pawòl li, Katie Zacharia, vendredi 16 oktòb 2026 sa a, mwens pase yon semèn apre li te fin pran fonksyon li officialman.
Depa frapan sa a make pi kout tan yon sekretè deprès pase nan pòs sa a nan tout istwa peyi Etazini.
Tout bagay te kòmanse derape pandan premye soti li devan jounalis yo jou ki te madi 13 oktòb la. Prestasyon Katie Zacharia te sibi anpil kritik akòz plizyè fòskouch, mank preparasyon ak fason tou kout li te fini reyinion an ak laprès.
Pèfòmans sa a te leve anpil kesyon nan mitan peyi a sou kapasite li pou l jere presyon ak reponn ak kesyon cho jounalis yo nan yon administrasyon kote chak mo gen gwo pwa.
Anplis prestasyon ki te ratman an, yon lòt kontwovès te vin anvayi espas medyatik la. Sèvis enfòmasyon yo te reyalize ke Zacharia te prezante tèt li tankou yon « avoka », byenke li pa t janm reyisi egzamen barwo a ki ta ba li dwa pou l pratike lalwa kòm sa dwa nan peyi Etazini. Polemik sa a te frape fò nan kredibilite li devan piblik la ak devan chèf leta a.
Echojounal echojounal.net