Stephen Oscar Ramos « Kiki » chwazi mete mayo ble ak wouj la: Yon bèl ranfò pou Grenadye U-17 yo

Nan yon kominike ki pote anpil konfò ak kontantman pou sipòtè yo, FHF konfime entegrasyon jèn Stephen Oscar Ramos, ke tout moun konnen sou ti non « Kiki », nan seleksyon nasyonal Ayiti ki gen mwens pase 17 lane (U-17) a.

Jèn ti gason sa a ap pase yon etap enpòtan nan karyè li kote li ap jwe nan sant fòmasyon klèb Ajantin nan Atlético Vélez Sarsfield. Apre li fin fè yon bèl pakou nan peyi Ajantin, Kiki chwazi avèk konviksyon ak tout kè li pou li vin defann koulè peyi a.

Pou li ka antre rapid nan dinamik ekip la epi adapte li ak taktik ankadreman teknik la mete sou pye, Stephen Oscar Ramos ap rantre dirèkteman nan kan konsantrasyon Grenadye U-17 yo ki ap fèt nan peyi Brezil. Estaj sa a gen pou objektif pou prepare ekip la byen anvan gwo konpetisyon entènasyonal ki ap vini yo.

Direksyon FHF la profite okazyon sa a pou li salye kolaborasyon ak bon konprann ajan jwè a ansanm ak dirijan Club Atlético Vélez Sarsfield yo. Sipò ak disponiblite klèb ajanten an te rann demach yo pi fasil pou jèn ayisyen an te ka vin jwenn seleksyon nasyonal la san okenn difikilte.

Pami tout demach sa yo, Federasyon an kontinye voye je sou tout jèn talan ki gen orijin ayisyèn nan mond lan, nan lide pou ba yo posiblite pou yo pote mayo nasyonal la epi pote kontribisyon yo nan devlopman foutbòl peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Balon dò 2026: Harry Kane ranpòte Balon Dò 2026 la devan Mbappé ak Lamine Yamal

Atakan anglè klèb Bayern Munich lan, Harry Kane, sakre pi bon jwè sou planèt la, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager